K: Kijan pou m enkli PCP mwen?
R: Pandan enskripsyon, y ap mande w si w ta renmen pataje mizajou sou pwogrè w avèk Founisè Swen Primè (PCP) ou. Pataje enfòmasyon sa a ede PCP w konprann kijan w ap fè antre vizit yo, ansanm ak sante w an jeneral. Si w chwazi pataje, w ap antre premye non, non fanmi, vil, ak eta PCP ou, epi konfime konsantman ou pou pataje mizajou swen avèk yo ak lòt manm nan ekip swen idantifye w la. Etap sa a se opsyonèl. Ou ka chwazi "Pa kounye a" pou sote li.
K: Kijan pou m chanje enfòmasyon PCP mwen?
R: Pou kounye a, ou pa ka mete ajou enfòmasyon PCP ou pou kont ou. Pou ajoute, chanje, oswa retire enfòmasyon PCP ou, voye yon imèl bay help@headspace.com epi ekip nou an ap fè mizajou a pou ou.