Q: Kijan pou m enskri pou Headspace ACCESS?
A: Ou ka enskri atravè aplikasyon Headspace:
1. Telechaje aplikasyon Headspace nan App Store oswa Google Play si ou pa gen li deja.
2. Ouvri aplikasyon an epi peze "Activer Benefis" (Activate Benefit) sou ekran koneksyon an.
3. Chèche òganizasyon w: CMS.
4. Kreye yon nouvo kont, oswa konekte epi lye kont Headspace ou deja genyen an.
Apati la, ou pral:
1. Egzamine epi aksepte Kondisyon Sèvis yo, Règleman sou Konfidansyalite a, ak divilgasyon pwogram CMS ACCESS (ki gen ladan Avi sou Disponiblite pou sèvis lang).
2. Fè yon verifikasyon kalifikasyon Medicare.
3. Fè evalyasyon sante mantal la (PHQ-9/GAD-7, plis kèk kesyon eksklizyon).
4. Bay konsantman w pou enskri.
5. Bay enfòmasyon Founisè Swen Prensipal (PCP) ou pandan etap alinman an.
6. Yon fwa alinman w konfime ak CMS, ou ofisyèlman enskri.